RADIO TELEVISION ESPACE 94.1 CH 34
mardi , 12 décembre 2017
Accueil » A la une » GRANGOU AK TI GRANGOU SE REZILTA MALSITE

GRANGOU AK TI GRANGOU SE REZILTA MALSITE

Foto malsite

Foto malsite

GRANGOU AK TI GRANGOU SE REZILTA MALSITE

Se pa ni jodi ni ayè nap fè deba pawòl anpil sou tout sijè, sof sou Grangou nou pa janm reflechi. Anvan anyen  nap mache polye ond tout radyo anyen pa janm chanje. Nou kontinye ap plede pale depale san rete anyen pa janm regle vre. Manje vin pi ra, popilasyon an fin tonbe faya anba kout dan vè kap twonse kòd lonbrit li.

Se bagay nou wè, moun yo tèlman grangou nan peyi a, yo prèske mache ajenou.

Se bagay nou konnen, gragou bay maklouklou. Anpil moun nou wè byen gra kap mache vant anfle, se pa manje yo byen manje pou sa. Se van ak bèl pwomès yap plede vale san rete vant deboutonnen. Se vre pwoblèm grangou kap twonse trip ak kòd lonbrit popilasyon an pa la jodi a, men wa di nou pa janm wè okenn chèf peyi ki vle batay pou sa chanje pou tout ayisyen ayisyèn, kit rich kit pòv ka jwenn moso lam veritab ak aran sèl pou yo manje nan dinyite. Tout pwoblèm responsab yo se eleksyon. Paske se li kap fè yo milyon.

Se kòmsi dwa pou moun byen manje nan peyi a pa egziste menm sou papye. Se pa ni jodi ni ayè grangou ap fè sila ki pi fèb yo fè sak pasa nan sosyete a.

Lè nou chita nap koute refleksyon chak gwoup sitwayen nan sosyete a sou koze grangou a, nou rann nou kont nou pa rete anyen pou youn dechire lòt pou manje.

Gade sa ki rive nan enstitisyon lapolis la. Yon polisye rale revolvè li pete bal sou you lòt polisye parèy li pou yon plat fritay. Grangou fè anpil moun ki pè soufri pèdi diyite yo. Se pa jodi nap plede gragou. Se pa yon sekrè pou pyès ayisyen. Si nou pat konnen, rale kreyon nou make l. « Grangou bay Maklouklou, li ka fè moun fou tou». Pafwa wap mache, ou kontre ak yon fanm osnon yon gason, lè ou vini pou pale ak li, li ka fè nenpòt kòlè sou ou paske li grangou.

Pou kisa pifò bidjè fonksyonman peyi a soti kay yon dal peyi fo zanmi regaddan, zanmi nan dan ? Youn nan pi gwo pwoblèm Ayiti, se lòt peyi ki gen kontwòl trip ak kòd lonbrit pèp ayisyen an. Lè se zanmi regadan kap baw ti moso pen, li ka ba ou sa li pito. Li ka baw nenpòt vye moso pen kanni. Apresa lap mande w pou mete ajenou pou di mèsi papa.

Moun ki pa gen ti memwa ap sonje se depi lanne 1996, peyi a bezwen plis pase 50% èd pou bidjè li ka fonksyone paske nou pa gen mwayen pou nou fè gwo pwodiksyon pou bay pèp la manje.  Sa vle di nou se yon pèp kap viv ak yon moso kui depi digdantan. Nanpwen anpil zotobre ki pare pou fè gwo envestisman nan peyi a depi apre koudeta kite derasinen papa rat la, ki te pote ale lavi anpil moun. Anpil anpil richès te disparèt.

Depi apre rejim bout di Divalye yo fin kaba, nanpwen okenn plan devlòpman ki soti nan zo bwa tèt dirijan yo pou peyi a retounen sou ray li. Chak lidè ki parèt yo plis kanpe sou blòf, sou aparans ak enpwovizasyon. Yo pa janm wè nesesite pou bay plantè diri latibonit yo bourad, pou ride yo pwodui bon jan diri, pou anpeche komèsan vakabon vin gonfle vant pèp la ak diri tchak tchak, diri boulboul kap soti lòtbò dlo. Chak nèg ki parèt, yo toujou gen yon sèl plan. Se plen pòch yo, epi vire do yo ale.

KI plan nèg isit janm genyen pou peyi a devlope kòmsadwa ? Jodi a mezanmi, si nou pa veye anwo veye anba, nou san lè pran nan yon plan aganman.

Sa pa gen lontan, mwen kontre ak yon kamarad memoran nan inivèsite leta ki fin kraze a, li di mwen li pral kite peyi a, lè mwen mande li pou kisa ? Li di mwen, li bije kite peyi a, pou li ale viv nan yon peyi ki ka ba li  yon mwayen pou li manje chak jou, san li pa mache mandyannen nan pye okenn moun. Paske klas dominan isit la ta toujou renmen wè yon nonm ki fin etid li ak yon bak plis 5 ap vann dlo, ap vann pate nan yon vye kwen lari arebò yon pil fatra. Apre sa pou yo voye televizyon al filme li mete lawonte sou televizyon. Moun sila y opa janm konn wont. Yo fin kraze inivèsite leta nan politik, nan vann bilten vòt pou fè magouy. Se vre inivèsite leta se yon espas politik li ye tou. Men anvan tou, li se yon espas kote pou moun etidye pou fòme tèt ou pou vin sitwayen ki ka sèvi peyi a kòrèkteman. Se pa yon espas kote yo konstwi zonbi ki pou mache tèt anba devan moun. Moun sila yo pa menm wont se yo ki mete inivèsite leta nan eta li la a.

Apre sa yap vin di w o wi etidyan yo se chen. Ok. Si etidyan nan inivèsite leta  se chen. Kiyès ki papa chen sila yo, kiyès ki manman chen sila yo? Epi ki moun ki konstwi chen sila yo. Se ou menm dirijan aganman mechan. Nanpwen youn nan nou kap kritike etidyan yo ki bay bon legzanp. Se pa etidyan ki siyen akò politik matchavelik. Se pa yo ki fabrike eleksyon koupyon an.

Nap dakò ak mwen, gen yon dal jenn fanm ak gason ki kouri kite peyi a pou yo ale viv kay vwazen, osnon kay blan regadan, anpil fwa, se pou grangou, mizè, chomay ak malsite tout kalte.

Nap viv nan yon peyi, se vòlò, malandren, grenn senk, belijeran, mechan ak malveyan kap dirije. Chak swa yo dòmi gonfle vant anfle tèlman yo manje, epi yon dal granmoun kou timoun ap mouri grangou.

Gen yon dal moun kap plede repete o wi yon pèp ki leve bonè anba bal pou li ale vote vakabon ap toujou rete nan zafè pa bon.

Mwen menm Bòs Madichon, mwen pa kwè pèp la merite chay nou bali  pote a. Mwen pito kwè mizè pèp sila, se yon mizè ki byen planifye.

Si nou fè yon refleksyon reyalis, nou ta ka di, lè yon pèp al vote, se pou reyalite li ta chanje, pou li jwenn manje, ti moso lasante, pou li sispann viv nan malpwòpte.

Annou pran yon ansyen minis sante nan yon pouvwa tèt kale ki siyen yon kontra ak yon moun ki mouri. Koulya ki moun kap mennen ankèt sou li, se yon lòt tèt kale ki fè kwè se yon ti lejète. Ayiti Fin peri, yon bann dinozò ak chen dechennen tanmen goumen sou kadav li.

Anverite, pou sa kap pase nan peyi d Ayiti lajounnen jodi, nanpwen bouch pou pale. Nap viv nan yon sosyete kote moun ki plase pou bay pèp la sekirite pa an sekirite.

Anvan yen youn, 2, 3, 4 polisye tonbe. Poutan yo la pou bay sekite. Se timiyèt yo pa bese lèzam, bay bandi fè sa yo pito ak lavi moun. Se premye peyi kote pòtal lopital fèmen pou doktè pa bay swen. Poutan yon doktè pata dwe sanble tèt koupe ak yon malfèktè. Paske yo te sèmante pou yo bay laswenyay san pati pri, nan bon ak move moman.

Men yon ektrè an fransè nan sèman Hippocrate la ki tounen yon sèman ipokrit: “Je promets et je jure d’être fidèle aux lois de l’honneur et de la probité dans l’exercice de la médecine, je donnerai des soins gratuits aux indigents…

Que les hommes m’accordent leur estime si je suis fidèle à mes promesses. Que je sois couvert d’opprobre et méprisé de mes confrères si j’y manque. »

Lè yon nonm, osnon yon fanm fin sèmante konsa, epi rive yon lè move sitiyasyon lavi fè ou kanpe kwaze bra w pou wap gade, granmoun, jenn gason, jenn fanm, fanm ansent ak ti bb kap mouri arebò lari, akoz pòtal 12 lopital leta fatra a ki fèmen pou yo pa bay swen, ou mèt di mwen sa w vle, sa pa rele yon sosyete kote dwa sila yo ki pi ba yo respekte. Se pa jodi a pwoblèm laswenyay la egziste, tout dirijan mete tèt ak klas dominan pou fè klas yap domine a pase mati nan yon peyi ki fin petri pòtre mango merilan sou teras.

Pwoblèm moun kap mouri anba maladi ak bandi, anba grangou ki bay maklouklou pa enterese yo. Yo pito gaye lòbèy. Fè magouy pou yo pran pouvwa pou yo al dekreta kès leta. Kilè sa ap kaba ?

Pou sa kap pase nan lopital nan peyi d Ayiti mezanmi nanpwen bouch. Se tout moun kap pale sou yon sèl koze. Anverite, sila yo ki kwè Doktè yo tounen malfèktè, yon bò yo gen rezon, paske doktè a la pou li bay swen nan nenpòt ki kondisyon. Ok. Men mezanmi, yon doktè kap travay nan yon lopital leta ki pa gen okenn kapasite pou reponn egzijans ka maladi yo fè, se pa doktè sila a ki responsab yon moun ki mouri akoz dyaliz li pa fè. Pou dayè menm kote pou doktè yo watè pa enterse leta.

Si nou pran lopital jeneral, se tankou yon pak kote yo fè gadinay kochon, osnon yon latrin santi kote ravèt, vèditè ak fatra  santi ap dekonpoze moun anba je yon dekalyonn otorite kap nwaye yon sosyete nan malpwòpte. Nòdwès, latibonit, lwès, grandans, sidès…se tout kote pòtal tout lopital fèmen.

Gen moun ki kwè doktè pwotestatè yo gen rezon pou fè tande vwa yo, men yo ta dwe kite yon selil pou bay laswenyay nan ka ijans. Men konbyen fwa leta janm tande vwa moun kap revandike yo tou mezanmi ?

Lapolis ap mouri chak jou, doktè kap bay swenyay yo pa jwenn laswenyay yo menm. Bon, lè yo fè grèv yo pa travay ki moun ki viktim nan ? Èske se leta ? Non, se pito moun ki klase nan klas ki pi ba nan sosyete a ki toujou pran kou.

Poukisa leta pa chita ak grevis yo, pou jwenn yon solisyon nan pwoblèm sila? Se kòmsi sila yo kap mouri devan lopital jeneral yo se yon dal zannimo. Menm zannimo gen dwa pou li viv an sante.

Nou gen yon dal chimè pou laplipa ki pran tèt yo pou palmantè, demi milyon goud pou yo bafle pwason pou vandredi sen, pandanstan yon rezidan lopital jeneral ap touche 6 mil pyas chak mwa. Di mwen sa ou vle, yo gen rezon fistre, manifeste, men ak yon rezèv pou popilasyon an ki pa konsène nan malsite doktè yo ap viv nan lopital la.

Gen yon komisyon « Parle Menteur » ki pran pòz yap travay sou kesyon laswenyay, depi yo malad yo plonje kay vwazen regadan sendonmeng, osnon yal kiba, miami… E sila yo ki pa gen lajan alevwa pou yo ta gen viza ?

KIdonk, nou annafè ak yon dal mafya youn ap kouvri pou lòt, paske yo tout se menm. Pèp la ap toujou rete nan fatra, manje fatra, mouri nan fatra, epi Ayiti ap toujou an reta.

Bòs Madichon.

A propos de espace2

Social media & sharing icons powered by UltimatelySocial
2015 Radio Télévision Espace